✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
79 - Prepare m pou lagè
Left
Center
Right
79
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 143
Prepare m pou lagè,
Pou m konbat sa ki mal.
Ban m yon bon kè, yon kè ki pwòp
Ki pa p di pawòl sal.
Dirije tout panse m,
Pirifye lesprim mwen.
Ak gras ou travay mwen va byen,
Si l fèt avèk renmen.
2
Mouton Bondye, ban mwen
Menm lespri dous pa ou
Fè tout aktivite pa mwen
Fèt ak charite tou.
Kite m envite moun
Avèk anpil dousè,
Ou pa vle pèdi menm youn,
Menm sa yo ki pi pè.
3
Pa kite mwen konfye m
Nan anyen sòf ou menm;
Si m gen lespri ògèy nan kè m,
Fè m santi feblès mwen!
Fè m konnen m pa anyen;
Men grasa Lespri sen
Tout bagay bon ka fèt pa mwen,
E se ou menm k ap fè l.
4
Ban mwen lanmou pa ou,
Pou m swiv chemen ou swiv.
Ou rayi tout bagay ki fo,
Men ou renmen tout moun.
Chanje, gide lespri m
Lwen tout bagay ki fo,
Pou m rayi peche ak tout kè m,
Men renmen pechè yo.
79 CEC, Page 143
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊