✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
91 - Jezi mande ou briye pou li kote ou ye
Left
Center
Right
91
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 147
Jezi mande ou briye pou li kote ou ye,
Tout Kretyen, bay limyè toupatou;
Briye nan fanmi ou, nan travay, kote ou ye;
Briye pou Jezi kote ou ye.
Kè
Briye pou Jezi kote ou ye,
(2 fwa)
Limyè ou ka ede yon nanm
Pèdi jwenn Jezi;
Briye pou Jezi kote ou ye.
2
Menm lè syèl la nwa, menm lè
Chemen an pa twò klè,
Se lè sa pou limyè ou briye.
Pou briye, Jezi te lese ou menm sou latè;
Briye pou Jezi kote ou ye.
3
Se yon gran gras Bondye
Fè ou vini yon limyè
Lè peche, tenèb antoure ou,
Leve limyè a byen wo
Pou l ka klere tout kè;
Briye pou Jezi kote ou ye.
4
Si ou vle briye yon jou ak Jezi nan Syèl la,
Limyè ou dwe limen sou latè;
Paske Bondye plase nou kòm limyè isiba;
Briye pou Jezi kote ou ye.
91 CEC, Page 147
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊