Chants d'Espérance
93 - M ape mache sèl ak Jezi
93 CEK, Page 147
1
M ape mache sèl ak Jezi
Nan yon kominyon san fen
Lemonn pa kapab fè m plezi
Mwen pou Kris e Kris pou mwen.
Kè
Mwen te wè li, mwen konnen li!
Li fè mwen mache avè l;
E li fè m kado prezans li,
Se yon kado etènèl.
Ki gran glwa, wè bèl prezans li,
Ki gran jwa, wè l fasafas!
Mwen ba li lavi m pou toutan,
Li te sove m nan lagras.
2
Sou montay la mwen te wè li;
Kris, Konsolatè, Zanmi;
Laglwa vizyon sa a va rete
Jouk tan lavi mwen fini.
3
Nan tout doulè ak feblès mwen,
Malgre kè m te fin kraze,
Toujou mwen santi prezans li,
Li te wete m nan peche.
4
Nan tenèb la, nan lonbraj la
Ak Sovè a mwen fè wout;
E leson l ap ansenye mwen
Fè m vle swiv li kout ke kout.
Retour
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##