✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
100 - Lè Jezi mouri sou Kalvè
Left
Center
Right
100 CEK, Page 149
Lè Jezi mouri sou Kalvè,
Lè Kris mouri se te pou mwen.
Mwen mande m èske m a konnen
Konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe?
Kè
Konbyen mwen dwe, lanmou san fen?
Konbyen mwen dwe, si Kris pou mwen?
Mwen konnen sa li fè pou mwen;
Mwen pa ka di konbyen mwen dwe.
2
Sovè mwen nan Jetsemani,
Te pase pi gran agoni.
Se pou mwen soufrans sa a te ye,
Kòman pou m di konbyen mwen dwe?
3
Se te lanmou li gen pou mwen
Ki fè l soufri yon mò wonte.
Lè tout san kò li te koule,
Li sove mwen, konbyen mwen dwe !
4
Lè m a rive nan Syèl la tou,
Rete avèk li pou toujou,
Mwen mèt pale dimil ane;
Mwen p ap fin di konbyen mwen dwe.
100 CEK, Page 149
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊