✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
101 - Papa mwen gen kay, avèk anpil tè
Left
Center
Right
101 CEK, Page 149
Papa mwen gen kay, avèk anpil tè,
Pla men li kenbe tout fòtin li fè,
Pyè presye, diaman, lajan avèk lò,
Tout bwat li yo plen, nan richès li pi fò.
Kè
Mwen se pitit Wa a,
Yon pitit Wa a;
Jezi se Sovè mwen,
Mwen se pitit Wa a.
(2 fwa)
2
Sèl Pitit Bondye ki sove lemonn,
Yon jou te mache sou tè kon yon nonm
Kounye a, l ap plede padon nou nan syèl;
Lè l a vin chache nou, n a antre avè l.
3
Lontan mwen mache, yon nanm egare;
M te pito peche pase konnen Bondye;
Men li adopte m, e li enskri non m;
Mwen se eritye yon palè, yon kouwòn.
4
Joupa oubyen kay, sa pa fè m anyen;
Anwo a, y ap bati yon palè pou mwen;
Pandan m ap tann li, m a chante chan sa a:
Tout glwa pou Bondye, mwen se pitit Wa a.
101 CEK, Page 149
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊