✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
103 - Adore li! Jezi, Redanmtè beni nou
Left
Center
Right
103
Chant d'Espérance |
CEC
, Page 150
1
Adore li! Jezi, Redanmtè beni nou
Chante amou l, anonse l toupatou.
Adore li! Zanj yo ki pi wo nan Syèl la;
Fòs e lonè pou Jezi, Sovè a.
Kon yon Bèje, Jezi veye pitit li,
Toujou l ape pote yo nan bra li.
Adore li! Pale sou gras li montre nou;
Adore li! Nan chan jwaye chak jou.
2
Adore li! Jezi Redanmtè n’ap beni;
Pou peche nou, li te soufri, mouri.
Li se wòch nou, espwa lavi etènèl la;
Adore li! Jezi krisifye a.
Chante louwanj li, Jezi pote tristès nou.
Amou Jezi mèvèye, san fen tou.
Adore li! Pale sou gras li montre nou;
Adore li! Nan chan jwaye chak jou.
3
Adore li! N’ap beni sèl redanmtè a;
Jouk pòt Syèl la y’ap tande Ozana!
Jezi, Sovè, va renye pandan tout syèk yo
Kouwone li Pwofèt, e Prèt, e Wa.
Kris ap vini Gran Chèf sou tout latè a;
Pou Jezi, tout pisans avèk tout glwa.
Adore li! Pale sou gras li montre nou;
Adore li! Nan chan jwaye chak jou.
103 CEC, Page 150
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊