✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
118 - Mwen te chwazi nèt pou toujou
Left
Center
Right
118 CEK, Page 154
Mwen te chwazi nèt pou toujou
Ant monn sa e Jezikri;
Anyen p ap chanje mwen ditou,
Paske li fin pran kè m vre.
Pran monn sa ak tout plezi li,
Pran yo, pran yo, koutkekout,
Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,
Li pi dous pase yo tout.
Kè
Pi dous, pi dous pase tout,
Pi dous, dous pase tout.
Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen
Li pi dous pase yo tout.
2
Depi m fè chwa mwen pou toujou,
Depi m mache avèk Kris,
Vi mwen vini pi rich chak jou
Pawòl li touche m pi plis.
Pran monn sa ak tout richès li,
Pran yo, pran yo, koutkekout,
Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,
Li pi dous pase yo tout.
3
Depi mwen fè chwa pou Syèl la,
Depi Kris pi bon zanmi m,
Tout moun kite mwen sou tè sa a,
Men nan Kris mwen jwenn apwi m
Pran tout amitye sou tè a,
Pran yo, pran yo, koutkekout,
Ban mwen Jezi, bon Sovè mwen,
Li pi dous pase yo tout.
4
Lè zèv lavi mwen va fini,
Lè mwen pase pòt lanmò,
Lè mwen monte kote Bondye,
Lè m a mache bò lòtbò,
Lè je mwen gentan wè zanj yo,
Gran ak piti, m a wè tout.
Ban mwen Jezi, bon Sovè m;
Li pi dous, pase yo tout.
118 CEK, Page 154
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊