✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
120 - N ap chante yon kantik Nwèl
Left
Center
Right
120 CEK, Page 154
N ap chante yon kantik Nwèl
Bèl fèt ki fè nou tout kontan!
Jou Nwèl nan tan lontan,
Jezikris te vini sou latè.
Li te desann pami lèzòm,
Kon yon timoun.
E l ap voye bòn volonte
Ak lapè pou tout moun!
Kè
Sonnen byen bèl
Tout klòch Nwèl
Lè Kris vini
Pou ret ak nou.
Emanyèl, non ki si bèl.
2
Bèje yo koute, tout sezi,
Lè zanj lan bay bon nouvèl la.
Tout foul zanj yo t ap chante:
Tout glwa pou Bondye ki nan syèl la
Ki gran lanmou li gen pou nou,
Ki fè l desann.
Premye Nwèl, jou sa a si bèl
Bèl pou tout moun
3
N ap tande bèl kantik ankò,
E n ap vini prese, prese.
Nou vle ofri l yon kado,
Se pa lò men kè nou n ap pote.
Li te vini, Li te soufri Jis nan lanmò,
Pou mennen nou, ak tout moun tou,
Nan bèl syèl la.
120 CEK, Page 154
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊