✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
124 - Mwen te fin pèdi Men Jezi te sove m
Left
Center
Right
124 CEK, Page 155
Mwen te fin pèdi
Men Jezi te sove m,
Se yon mèveye Sovè pou mwen;
Peche m te mare m,
Men Jezi delivre m,
Li s’on mèveye Sovè pou mwen.
Kè
Li se yon mèveye Sovè pou mwen,
Se yon mèveye Sovè pou mwen,
Mwen te fin pèdi, men Jezi te sove m,
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.
2
Li s’on vrè zanmi
Si pasyan e trankil,
Se yon mèveye Sovè pou mwen;
Tout bagay mwen bezwen,
Mwen toujou jwenn nan li,
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.
3
Jezi konsole m,
E li ankouraje m,
Se yon mèveye Sovè pou mwen;
Li padone mwen
Li siye dlo nan je m
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.
4
Lamou Jezi vin
Pi presye toulejou
Se yon mèvèye Sovè pou mwen;
Lè m rete fidèl,
Gras li pi dous toujou,
Li s’on mèvèye Sovè pou mwen.
124 CEK, Page 155
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊