✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
127 - Souvan m mache tris nan lavi m
Left
Center
Right
127 CEK, Page 156
Souvan m mache tris nan lavi m,
Chaje ak fado mwen;
Men yon moun vini sekouri m,
Mwen twouve Bondye la.
Kè
Bondye la pou tande mwen,
Pou pran fado m ak tèt chaje m,
Li pataje chaj la avè m,
Bondye la, wi, Bondye la.
2
Lè tout baryè ak pòt fèmen,
Nanpwen wout pou pase;
Lè tout espwa pèdi pou mwen,
Mwen twouve Bondye la.
3
Malgre m genyen anpil pwoblèm,
Ak chaj pou mwen pote;
Mwen gen konfyans gras li avè m,
Mwen konnen Bondye la.
Kè
Bondye la pou fè m kontan,
Pou chase tout krent nan kè mwen;
Lè m tande vwa l mwen pa pantan,
Bondye la, wi, Bondye la.
127 CEK, Page 156
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊