✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Chants d'Espérance
128 - Senyè kondwi mwen chak jou
Left
Center
Right
128 CEK, Page 157
Senyè kondwi mwen chak jou
Kote ou vle pou m ale;
Fè m konnen volonte ou,
Montre mwen sa m gen pou fè.
2
Ban mwen kouraj nan danje,
Montre m chache sekou ou,
Fè m konn ou kapab sove,
Kenbe mwen nan lanmou ou.
3
Lè mwen tante pou fè le mal,
Fè mwen rete fò e fèm,
E lè mwen kanpe tousèl,
Avèk men ou pwoteje m.
4
Lè kè mwen ranpli ak jwa,
Ede mwen pou sonje ou.
Sa ki fè mwen pi kontan
Se lanmou ou gen pou mwen.
5
Lè travay mwen sanble di
Ede m gen pèseverans.
Nan soufrans, nan maladi
Ban m kouraj ak pasyans.
6
Ede m fè tout sa ki bon,
Kòm pitit ou sou latè.
Lè lavi mwen va fini,
Kite m al nan Syèl ak ou.
128 CEK, Page 157
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊