✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Mélodies Joyeuses
58 - Chak moman Sovè mwen mennen m
Left
Center
Right
58 Melodies Joyeuses | 58 MJC / Page 236
1.
Chak moman Sovè mwen mennen m;
Kisa mwen dwe tann ankò?
Mwen pa janm kab doute lanmou L,
Wi, sa vo plis pase lò.
Lapè, syèl ak konsolasion
Ak lafwa mwen jwenn nan Li;
E nan tout bagay ki rive m
Mwen toujou wè Jezi Kri.
(bis 2 liy)
2.
Chak moman Sovè mwen mennen m;
Souri Li klere chemen m.
Li ban m gras pou tout eprèv mwen,
Pen ki sòti nan Li menm.
Malgre pye mwen souvan glise
E nanm mwen konnen swaf tou,
Sòti nan wòch la devan mwen
Sous la jayi nwit kon jou.
(bis 2 liy)
3.
Chak moman Sovè mwen mennen m,
Kè m ranpli ak lapè li;
Lanmou l va toujou anbrase m
Menm nan soufrans ak dizèt;
Lè mwen va monte nan syèl la
Kote Jezi ap tann mwen,
Chan sa a ma va chante toujou:
Li va mennen m jouk lafen.
(bis 2 liy)
(All the waay my Saviour Leads Me)
(Inspiring Hymns No.22)
58 MJC / Page 236
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊