✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
4 - Yon chant louwanj
Left
Center
Right
4 Haiti Chante avec la Radio Lumière | HCRLC / Page 249
4 Yon chant louwanj
1.
Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye,
Anvi monn nan trennen m nan bafon peche
Senyè pou yon pov mizerab gen pitye,
Touswit Li vin sekouri m kote m te ye.
Kè
Li retire m nan labou peche
Li mete pye m sou tè fèm se vre,
Li fè kè m rejwi e m ap chante
Yon chan, glwaradye! Alelouya!
2.
Li te mete m sou tè fèm bò kote Li
Pye mwen vin asire nan chemen lavi,
Nanpwen danje ankò Li kenbe m debou
M ap mache pazapa avèk Li toujou.
3.
Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen,
Lannwit kou lajounen se Li m ap chante,
Kè mwen ap debòde,
Nanm mwen delivre,
Tout glwa pou Redanmtè, Senyè Jezikri.
4.
M ap chante gran mizerikòd Li pou mwen
Mwen vle selebre jouktan tout moun konnen
Nanpwen lòt sovè pou lèzòm jodi a
Vin chache sekou Li avan li twò ta.
04 HCRLC / Page 249
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊