✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
7 - Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi
Left
Center
Right
7 Haiti Chante avec la Radio Lumière | HCRLC / Page 250
7. PI BON ZANMI
1.
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi,
Li avèk mwen kote m pase;
Se Li Menm kon-n rakonte afè m
Li toujou ban m konsèy.
Kè:
Pa gen lòt ki renmen m kon Li,
Li konnen tou sa ki nan kè m;
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi
Pa gen yon lòt kon Li.
2.
Lemon kwè yo ka separe m ak Kris,
Yo pa kapab, yo pa kapab;
Paske alyans la te fèt ak san li
Yo pa kapab kraze l.
3.
Mwen jwenn nan Jezi
Tout sa m tap chèche
Lapè, lajwa, e lasante.
E Jezi ban mwen lavi etènèl
Sa m pa t kapab achte.
4.
Jezi bezwen lòt moun pou zanmi li
L ap rele ou, l ap rele ou
Si ou reponn li l a resevwa ou
E li va sove ou.
07 HCRLC / Page 250
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊