✨ Essayez la nouvelle version de Chant d'Espérance
Essayer
×
Haiti Chante avec Radio Lumière
8 - Koute yon nouvèl ke mwen genyen pou ou
Left
Center
Right
8 Haiti Chante avec la Radio Lumière | HCRLC / Page 250
8. KOUTE YON NOUVÈL
1.
Koute yon nouvèl ke mwen genyen pou ou
Li bon e li bèl mwen vle ba ou Li;
Tout peche mwen fè yo, tout jwenn padon.
Mwen jwenn delivrans nan Jezikri.
Pou ou menm tou genyen chans toujou.
Genyen yon bèl palè selès
Ki rezève pou tout sa yo ki vle,
Pwofite delivrans la.
2.
Plezi lemonn yo pa enterese m
Paske yo pa kapab satisfè m,
Mwen pito lapè Jezi ban mwen an
Li va dire pou letènite.
Kounye a mwen kontan nan Jezi,
Li toujou gide m, pawòl Li ede m
Mache nan laverite.
3.
Sa pa fè m anyen si yo joure mwen,
Paske yo pa konnen bon Senyè m;
Li te chache mwen e Li sove mwen
Se lanmou Li ki andedan kè m.
Sou tè a m a gen tout gwo eprèv,
Men kè mwen jwenn repo nan Li;
Sa va yon gran jwa pou rive laba
Kote tout peche fini.
08 HCRLC / Page 250
Retour
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
{1}
##LOC[OK]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
{1}
##LOC[OK]##
##LOC[Cancel]##
⏮
▶
⏭
Aucune chanson sélectionnée
0:00
/
0:00
🔊